Nouvo teknik pou konbat ponp gaz kap fè rakèt nan Nòdès

1,777

07-20-2022

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè plizyè operasyon komisè gouvènman pakè Fòlibète a, mèt Eno Zephirin mennen pou desitire gaz kap vann nan kontrebann nan, li chwazi yon lòt fòmil pou l kontre kare avèk sistèm sa.

Nan yon entèvyou komisè Zephirin bay jounen 19 jiyè 2022 a, li fè konnen li deplwaye tout taktik pou l kraze rezo gaz kap fè kontrebann nan depatman an. Plizyè gaz sezi ak plizyè arestasyon fèt men sa pa anpeche toujou gen kontrebann.

Me Eno fè konnen leta dwe al kriye egzakteman kote mò a ye a. Konsa, li pral deplwaye ansanm avèk enspektè ministè komès ak jij nan ponp yo pou al verifye si gen gaz. Li deklare si l ta jwenn gaz pandan ponp la fèmen lap pase lòd pou vann gaz la; si tout fwà responsab ponp yo pa ta koube, yap fè fas kare ak lalwà.

Jn Simon Manex

Comments are closed.