Minis enteryè a, Paul Antoine Bien Aimé plede anfavè bonjan sekirite pou depatman Grandans lan.

170
0
Share:
TRiboLAND

02 – 17 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis enteryè ak kolektivite teritoryal la, Paul Antoine Bien Aimé pandan pasaj li nan Jeremi, reyini ak divès otorite etatik nan depatman Grandans lan sou nesesite yon klima sekirite fyàb yon fason pou garanti trankilite piblik ak lib sikilasyon tout kouch nan sosyete a.

Rankont sa a ki te fèt ak delege depatmantal Grandans lan, Paulemont Michel, direktè depatmantal enstitisyon polis nasyonal lan nan Grandans, Frantz Saint Armand, ajan ekzekitif adjwent komisyon enterimè komin Jeremi an Ivrose Pierre san bliye direktris pwoteksyon sivil Grandans lan, madam Christine Monquele, kòm prensipal otorite ki genyen misyon pou travay ak lòt kouch yo pou tabli bonjan sekirite.

Minis Bien Aimé mande jenès la, pou pwoteje anviwonman ak tout sak ki genyen ladan l kòm patrimwànn kiltirèl, nan kad konstriksyon yon Ayiti, kote tout pitit peyi lakay kapab viv byen, atire touris lokal kou etranje; konsa, leta ap kapab rantre tchotcho nan kès leta e kreye djòb ak anplwa pou byennèt sosyo-ekonomik chak ayisyen.

Share:

Leave a reply