Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo fè sòti yon rezolisyon pou deplwatonnen yon fòs manman pemba pou al mete lòt nan peyi Dayiti

978

10-02-2023

Wachenton, Etazini____ Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo fè sòti yon rezolisyon jodi lendi 2 oktob 2023 a, nan objektif pou deplwatonnen yon fòs manman pemba ki dwe metee lòd ak dlo nan diven gang sangwen yo kap demantle sosyete ayisyènn nan.

Nan moman chita tande Konsèy pou te jwenn benediksyon sila, yo anrejistre 13 vwa favorab alòske te genyen 2 absansyon. Adopsyon yon parèy rezolisyon ki vize pou deplwatonnen yon fòs manman pemba nan peyi Dayiti, te pwopoze avèk devouman peyi Etazini avèk Eqwatè pou swadizan depeche yon misyon miltinasyonal pou ale bay polis nasyonal la jarèt nan konbat kriminèl gang.

Yon parèy misyon, konte genyen nan tèt li peyi Kenya ki ta deja pare avèk yon milye gason batayè pou antre nan peyi Dayiti sou kouvèti LONI, yon òganizasyon ki nan tan pase yo, te pote nan pasaj li plis mizè ak kalamite pou pèp Ayisyen an. Kòmanse sou kolera ak federe gang (Madam Lalim), plis tonbe nan vyòl ak vòlè kabwit abitan yo, e san konte timoun san papa ke sòlda yo kite dèyè.

Anpil ayisyen pa wè yon parèy misyon kòm yon Sovè Redanmtè Beni; men pito, yon misyon ki ta genyen pou fè jwèt pwisans kolonyàl ki pa sispann afiche volonte yo pou disparèt peyi Dayiti. Pou anpil konpatriyòt ayisyen, misyon sila, ki se yon déjà-vu pou popilasyon ayisyènn, se yon jdob sal Kenya ap antre vinn pwoteje entere gang, politichyen ak richyen sansal ki mete peyi a nan sa li ye la; nan fè yon fason pou genyen plis baliz ak kontwòl pou fini ak peyi Dayiti atravè eleksyon tèt anba anfavè poupetwèl koutche lokal. Ayiti wè sinema sa deja!

Konsa, Kenya te dwe inikman rejte yon parèy misyon, kote ke li tap tou senpleman pwopoze pou peyi kap founi gang Ayiti yo katafal zam sa yo, pou fèmen vann nan e pi tout bagay ap antre nan lòt. Kenya, nan sajès li ta dwe wè se yon misyon reselè ak swisidè, kote ke li pral fè fas ak zam anpil lòt peyi ki enplike nan founi gang yo zam. Pi devan nap konpwan pouki!

Comments are closed.