Senlwidinò : Yon group timachann mande asistans ministè komès, aprè ensandi mache Rivyèba a.

1,122

05-21-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen samdi 20 me 2023 a, timachann kite pèdi yon latriye machandiz nan dife kite eklate nan plizyè gichè, soti madi pou leve mèkredi pase a, mande minis komès la pou lonje men ba yo.

Plizyè nan yo konfime ke se lajan “kout ponya” ki te pèmèt yap demele pou pran swen pitit ak mari; yon lòt gwoup menm deklare ke se nan “mityèl solidarite” ak “eso” yo prete tikòb pou yo bwase lavi a; alòske malfektè lage yo ozabwa, jounen jodi a yo pa konn ki sen pou yo rele vin delivre yo.

Yon lòt kote, ti detayan yo, mande otorite yo pou arete tout sangwen ki ta sispèk nan dosye boule gichè yo, ki lakoz yap soufri. Yo egzije pou lajistis fè travay li yon fason yo jwenn jistis ak reparasyon.

Comments are closed.