WAYÒM HAYTI a ap kanpe! Pataje ti mesaj sa ak jenès la!

867

Tande, se lanmou ak solidarite nan SANTIBON k ap sove HAYTI! Pa okipe okenn moun k ap pale de chanjman epi ki pa montre w kouman pou defann tèt, ganye pen ou ak diyite nan lavi! Haïti gen pratik lanmou, kole zepòl ak solidarite a depi lè l fonde! Se LETÈNÈL ki bannou peyi sa; e li pa nou nèt!

Depi 12 zan, lè m te gen 33 zan, zye m louvri e mwen koumanse konprann esans lavi e mwen wè kijan Haïti ka chanje; mwen deside mete ide yo sou papye pou m ede jenès la konprann e wè ki wout nou dwe pran. Malerezman, gen mechan ki fin pale ak mwen e ki fin pran LEVANJIL la; men y al chache bloke m. Mwen te gen pwojè pou m te soti yon liv 450 paj chak 3 mwa ak plizyè dokiman; men bandi sa yo ki te grandi ak mwen bloke pwojè a. Yo pa kontante yo anpeche m pibliye liv ak dokiman sou liberasyon Haïti yo; yo fè tantativ pou touye m; yo pa kapab; yo lanse yon kanpay pou di m fou. Se nèg ki legliz ak mwen, nèg ki eskout, pastè Legliz, entèlektyèl ki pi gwo detraktè mwen. Ti jeunes k ap li m jodia ki ak Moïse Jean CHARLES, ak BIGIO, BOULOS, ARISTIDE ak tout lòt vòlè yo, yo poko konprann sa k devlopman, yo poko konprann kouman yo fè peyi. Pa gen youn nan politisyen ni boujwa tchyoul Blan ni ajan etranje ki ka fè chanjman nan sistèm peze souse y ap sèvi la.

Chanjman an posib ann Hayti, men gen yon jan pou l fèt. Apre 12 zan, mwen nwasi plis ke 30 mil paj; e pazapa m ap pibliye dokiman sa yo. M ap swiv modèl Kore di Nò ak Kore di Sid; modèl rezistans Vietnam; modèl entèlijans Zansèt nou yo te itilize. Gen plis ke 10 mil jenn k ap travay, k ap priye e k ap reflechi chak jou sou chanjman peyi a. Gen jenn lidè ki la k ap travay; men yo pa anba men okenn bandi legal k ap piye LETA; okenn Anbasad.

Jodia, nou anpil; n ap mache kontre e n ap ateri nan lòt HAYTI a. Mwen goumen anpil nan vi m; mwen konn peyi a nan tout sans; e mwen pap chita betize ak blofè. Mwen pa gen foli chèf; mwen se yon lidè k ap pran fòmasyon depi m timoun nan eskout, nan legliz, nan men peyizan. Jodia, ti blofè malfektè wangatè pa ka fè m pè.

Si yon bandi legal panse se blag m ap fè; yo mèt chita pou yo swiv paske m gen yon vizyon; mwen gen yon pwojè, e mwen kolabore ak tout moun ki gen menm vizyon mwen ak 10 mil jenn sa yo genyen. Samuel Pierre, fondatè GRAHN gen vizyon sa a tou; gen anpil anpil moun ki koumanse travay anndan vizyon sa. Gen yon lidèchip k ap devlope e nou pare pou n chavire sistèm blòf la. Nou pa bezwen finansman nan men pyès ANBASAD nan men pyès blanchisè lajan.

Depi w wè yon ti jeunes ap pale w de chanjman ak lidè politik, vòlè fanmi yo ap piye peyi a depi dikdantan, konnen yo pa nan vizyon WAYÒM HAYTI a. M ap di ti jeunes briyan k ap mache dèyè Youri Latortue, yon asasen; Moïse Jean CHARLES, yon ti blofè ki pa ka kontwole gigit li; Réginald BOULOS, yon blofè vòlè malfektè, ARISTIDE, yon sodomit pedofil blagè; nou nan erè, nou nan move wout. LAVALAS ak PHTK pa ka pote anyen pou peyi sa; politik fatra k ap fèt Haïti la depi 215 zan pa ka mennen peyi sa sou wout devlopman. Nou pa bezwen chèf ann Haïti, nou pa bezwen POLITIK fatra LOKSIDAN; nou gen sistèm politik, ekonomik ak sosyal zansèt nou yo kite e ki konfòm ak LABIB.

RÈV PA NOU SE KE CHAK JENN GASON AK JENN FANM KI ANBA 30 TAN KA YON ANTREPRENÈ K AP KREYE ANPLWA NAN 5 A 10 ZAN E KI REYISI NAN KAD EKONOMI ESPIRITYÈL LA. TOUT VÒLÈ M NOU WÈ KI NAN POLITIK LA YO KONN EGZISTANS DOKIMAN GRAHN YO, DOKIMAN PA M YO AK DOKIMAN TOUT JENN KI NAN REZO NOU AN EKRI; MEN SE PA JENN LIDÈ AK SÈVITÈ Y AP CHACHE; SE JENN TCHYOUL KI POU AL VÒLÈ AK YO NAN BWAT LETA. M AP PRAN JE M POU M SWIV TOUT BLOFÈ K AP FÈ BLOKAJ PANDAN M AP TRAVAY. HAÏTI SOU WOUT DEVLOPMAN!

HAYTI VAINCRA!

Kerlens Tilus 07/24/2021
SNEL76_2000@YAHOO.COM
TEL: 631-639-0844

Comments are closed.