Ansyen Majistra Chabelan an mande Leta rezoud lavi chè a yon fason pou kapab konbat fenomèn ensekirite a

1,069

05-21-2023


Chanbelan, Ayiti____( TRiboLAND) Ansyen Majistra Chanbelan an nan depatman Grandans lan, Vidal Chevalier, konseye Leta rezoud problèm lavi chè a ki se yon gro moso nan rezoud problèm ensekirite jeneralize a kap sakaje tout kwen anndan peyia depi yon bon bout tan.

Pou Chevalier, gouvènman anplas la ta dwe pran an konsiderasyon eleman enpòtan ki okazyone enstabilite ou ensekirite kap taye banda nan tout ra kwen peyia. Li rapouswiv pou’l di ke leta genyen pou devwa, sibvansyone kèk nan pwodwi ke mas pèp la plis konsome ak sipò pwodiksyon nasyonal la, sitou pandan peryòd lapli ap tonbe a nan Grandans peyia; yon inisyativ ki kapab fasilite anpil manje nan yon tibout tan.

Pi lwen, ansyen majistra komin Chanbelan an, Vidal Chevalier mande otorite konsène yo pou pran an konsiderasyon pwopozizyon’l yo ke li kwè ki kapab itil peyi a.

Comments are closed.