Lapli kap tonbe nan zòn Ba-Nòdwès la, lakòz abitan yo ap pase tray pandan 2 jou sou wout Pòdpè/Jan-Rabèl la.

1,069

22 milyon goud gagote sou wout Pòdpè/Jan-Rabèl la, tandiske abitan yo kontinye ap pase tray sou wout la.

07-06-2023

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Aprè 2 jounen seren lapli nan zòn Ba-Nòdwès, fratikan kap sòti nan awondisman Mol-Sennikola, pou rantre nan vil Pòdpè ak nan kapital la, pa konn ki Sen pou yo rele akòz, aktivite dlo desann, labou, bloke sikilasyon an, nan nivo Magranbwa.

Yon sityasyon ki bay gwo tèt chaje, e lage pasajè yo kap dòmi nan lari pandan anviwon 2 jou, nan nivo Magranbwa.

Sepandan, sa pa gen plis ke yon mwa, kote aksyon Agwo-almand te bay plis pase 22 milyon goud pou reyabilite sityasyon wout sila, ki malerezman pase an kaka kabrit, alòske pa menm genyen 3 kilomèt wout ki reyabilite.

Depanse plis pase 20 mil dola ameriken pou ranje materyèl TPTC yo, pou Bernardin Maxionel, sityasyon sa a, mande yon entèvansyon ijant bò kote direksyon depatmantal travo piblik branch Nòdwès ki yo menm responsab egzekisyon travay twonson wout Pòdpè/Jan-Rabèl la

Comments are closed.