Joseph Monode prezidan Chanm Komès ak Endistri Grandans lan, denonse otorite nan lajistis ak la meri nan Jeremi ki fè kolònn ak gang ame kap volè byen prive sitwayènn ak sitwayen yo.

1,142

05 – 21 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sak ki vinn yon pwatik trè kouran se fenomèm volè tè ak kay prive sitwayènn ak sitwayen ki anndan depatman Grandans an oubyen nan peyi etranje. Pou pwatik sa yo arive materialize, kò gang ki genyen plis atoufè gang ame, yo mare sosis yo ansanm pou konpoze yon kò mafya kap aji dèyè do lalwa nan tout nivo nan depatman Grandans peyia.

Dapwè prezidan Chanm Komès Grandans peyia, mesye Joseph Monode, rezo gang ak sapat, melanje ak fanm nan divès enstitisyon leta yo, “pa konen koukouj nan gran ri”, yo fè fo papye tout kalite pou volè tè ak byen milat kou nèg nwè; konsa, pa genyen oken kote moun ki viktim anba grif rezo volè yo kapab ale al pote plent kont yo nan Jeremi.

Mesye Joseph Monode ale pi lwen pou fè konen, pa trò lontan li viktim anba grif yon group gang ki genyen atoufè tout plim tout plimaj nan Jeremi kap koupe rache nan byen prive sitwayènn ak sitwayen pezib yo, sitou nan Jeremi. Nan sans sa a, prezidan Chanm Komès ak Endistri Grandans lan, mande oganizasyon dwa moun yo, nasyonal kou entènasyonal, chèf gouvenman an, Doktè Ariel Henry, minis jistis lan, minis enteryè ki se alafwa premye minis lan, pou gade ki kantite krim mesye dam yo nan leta a ap fè moun debyen pase nan chèf lye depatman Grandans lan, Jeremi.

Nap raple, sitiyasyon otorite ganstè, vòlè bandi legal ki enstitisyonalize kriminalite nan sosyete Grandans lan, pa diferan nan depatman Nòdwès peyia, kote ke otorite yo ap komèt yon seri gro zak kriminèl nan danse kole ak gang pou akapare tout sa sitwayen yo posede.

Pou anpil moun rete kwè, se sèl pwogram “Bwa Kale” a ki kapab mete yon fen nan yon parèy mouvman mafya enstitisyonalize ( jij, komisè gouvènman, polisye, ajan UDMO, avoka, notè, apantè, e gang) kap efondre peyia plis toujou!

Comments are closed.