Reveran Pè Ronel Vildor mande tout kouch viv nan peyi a leve kanpe kont ensekirite.

1,190

Rev. Pè Ronel Vildor, kire Pawas Fatima a nan vil Pòdpè, mande ak pèp ayisyen an pran responsabilite yo fas ak fenomèn ensekirite a.

04-14-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon predikasyon san wout pa bwa, kire Pawas Fatima a, Reveran Pè Ronel Vildor bay nan vil Pòdpè, yè jedi 13 mas 2023 a, li envite popilasyon ayisyèn nan pran lari pou batay kont fenomèn ensekirite a, kap vale teren depi yon bon bout tan.

Pou Reveran Pè Ronel Vildor, fenomèn ensekirite a tounen yon veritab chwal kap galonnen nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti, kote pitit bondye pa sispann tonbe tankou zèklè. Li kontinye poul di, yo kidnape, brile, touye anba je tout moun, pesòn pa janm reyaji.

Vote anfavè yon solisyon kont ensekirite a, Pè Ronel Vildor, mande ak tout kouch viv peyi Dayiti leve kanpe yon mannyè pou mete fren ak fenomèn ensekirite a.


Comments are closed.