Me ki refleksyon Erané Saint-Louis fè nan okazyon 2020èm anivèsè Drapo a

918

05-18-2023

Li pa yon sekrè pou pèsòn ke majorite ayisyen kap viv nan peyi Dayiti ap monte yon maswife, yon syèl pa do depi yon bon bout tan, lè se pa nan tèl sektè se nan yon lòt, an jeneral se nan tout sektè yo nèt pèp la ap soufri malgre tout pwoteksyon, tout kri li yo men jiskadat pèp ayisyen kontinye ap viv nan yon eta trè deplorab, pa gen ase dlo pòtab, manje, sekirite, lopital, lekòl, wout e latriye.

Sepandan pèp la toujou ap goumen pou kondisyon lavi’l chanje depi plis pase 200 ane. Jounen 18 me 2023 sa a fè ekzateman 220 lane ke nou pran endepandans nou, men se ki sa nou fè ak tout bèl istwa sa yo ki se plizyè gran batay nou genyen ki fè nou vin yon pèp lib.

Ayisyen frèm ak sèm, zantray mwen yo, ayisyen an Ayiti kou lòt bò dlo, ann mete tèt nou ansanm, van divizyon an pap mennen nou okenn kote, okontrè se gwo zotobre yo kap jwenn plis okazyon pou yo kontinye toupizi nou.

Jounen jodia nan zye lemonn antye nou se yon pèp ki san abri, san sekou, nou livre ak nou menm, nou pa gen rele nou pa gen reponn, sa ki pi rich ap vin pi rich sa ki pi pòv, ap vin pi pòz. Dyaspora pa ka antre, touris pa ka vin vizite, pigran ap bare pi piti e pi piti vin pa respekte pi gran, tout bagay alanvè.

Antouka nou pap dekouraje, nap kontinye goumen, nap kontinye batay, san ipokrizi nou pa ka pale fèt drapo jounen jodia, men ann pale pito “Yon jounen refleksyon sou drapo peyi nou” sou kote’n soti, kote’n ye ak kote’n vle rive. An nou redefini plan batay nou, defann tèt nou, lavi fèt pou nou viv, ann sispann gade lavi, men ann viv lavi!

Bon refleksyon sou drapo nou, bon konba, Viv Ayiti…

Erané SAINT-LOUIS citoyen engagé!



Comments are closed.