Mèt Kelly Dubreus Fè Limyè sou Rezo Mafya Kap Vòlè Tè nan Pòdpè : “Otorite yo konplis nan silans yo”

434
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Kelly Dubreus monte vwa li kont rezo mafya kap opere nan jiridiksyon Pòdpè a, espesyalman nan dosye vòlè tè ki kontinye afekte plizyè sitwayen. Nan yon deklarasyon piblik, li mete aksan sou gravite sitiyasyon an, e li bay sipò li sou pawòl Komisè Gouvènman Jeir Pierre, ki te deja soulve kesyon sou mod operatwa rezo mafya sa yo.

“Komisè Jeir Pierre pa fè manti. Rezo mafya a egziste e li enplike nan tout kouch nan sosyete a,” se sa Mèt Kelly fè konnen.

Dubreus rabat pou li di, menm komisè aktyèl la pa fè eksepsyon, paske li rekonèt ke gen manm lapolis ak lòt otorite legal ki fè pati rezo sa tou. Kidonk, menm tèt li, li pa epanye lè li di gen komisè ki enplike nan zak malfektè sa yo.

Mèt Kelly lanse yon gwo akizasyon kont otorite lokal ak nasyonal yo, ki, daprè li, kontinye fè silans sou dosye sa a malgre viktim yo ap ogmante chak jou ki jou. Li dekri sitiyasyon an kòm yon konplo kont popilasyon an, kote mank enterè ak reyaksyon otorite yo se prèv ke reselè ap kouvwi reselè.

Ti denonsyasyon sa pa ka chanje anyen nan objektif kolònn otorite eskanmotè yo ki gen responsabilite pou mete lòd nan dezòd. An gro, se paske pa gen komisè gouvènman ki fè li pa aji oubyen mache pran mafya sila yo k ap fini egalman ak diaspora a, daprè Mèt Dubreus ki te kontinye ap depoze.

Avoka a voye yon mesaj dirèk bay Komisè Jeir Pierre, pou li mete tèt li deyò yon fason pou aji kont gang yo avèk tout fòs lalwa mande. Li itilize yon ekspresyon pike: “Se pou komisè a mete pantalon nan tay li pou mache pran gang yo.”

Mèt Kelly Dubreus fini ak yon deklarasyon kategorik sou pozisyon li kòm sitwayen ak defansè dwa moun. Li rejte nenpòt asosyasyon ak gang, e li mete tèt li sou liy pou toujou kanpe an fas tout fòm ensekirite ak koripsyon.

Share:

Leave a reply