Bandi sangwen nan lokalite Titanyen boule anviwon 2 cha nan kan PNH la.

1,089

Anviwon 2 cha blende pase anba flanm dife, 3 polisye ta sanble pèdi lavi yo, 2 lòt gaye nan lanati,se konsekans òganizasyon fèt drapo a nan vil Kap-ayisyen nan lannwit 17 pou rive 18 me 2023.

05-18-2023

Titanyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Gang sangwen ak sapat kap opere nan zòn Titanyen, tou pre lokalite Sous Matla, pase anba flanm dife anviwon 2 cha blende, nan lannwit 17 pou rive 18 me 2023 a.

Enfòmasyon nou resevwa fè kwè blende sa yo kite genyen anviwon 5 polisye, ta pral pran nan yon anbiskad nan moman yo tap sòt mennen premye Minis defakto a, Ariel Henry, nan vil okap pou fete fèt drapo a.

Nouvèl yo fè kwè 3 nan polisye sa yo pèdi lavi yo epi 2 lòt ta sanble gaye nan lanati.

Bandi yo nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, montre yon lòt fwa ankò satisfaksyon yo aprè yo te fin mete dife nan 2 cha sila yo. Bòs yo Izo 5 segond, ki pat pran tan, nan menm moman an pou te reyaji e fè konnen: “Vilaj Dedye anvi bwè san, Vilaj Dedye anvi bwè san polisye”.

Nan moman nap pale la, popilasyon an lonje dwèt jouda l byen long sou gouvènman PHTK Ariel Henry a yo di ki responsab dràm sila, lè yo akize gouvènman an kòm “papa gang sangwen yo”.

Comments are closed.