Yon trantèn jèn nan komin Basen-Ble, reyini pou bwase lide sou mouvman TRiboLAND lan nan kanton an.

839

04-25-2023

Basen-Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Sou inisyativ kòdonatè komite TRiboLAND lan nan komin Basen-Ble, Romario Accilien, plis pase yon trentèn jènn fi kon gason, reyini nan espas lakou Nazareryen an nan Basen-Ble pou te fè gro bwase lide sou mouvman aktivite TRiboLAND yo nan komin nan.

Daprè yon videyo ke kòdonatè Accilien mete deyò, jènn yo reyite volonte yo pou yo anbwate mouvman TRiboLAND lan, ki vize fasilite akizisyon konpetans pou anpil jènn atravè Repiblik la. Konsa, pandan gro chita tande sila, anpil nan jènn yo te fè echanj ide ki kapab kontribye sou ekspansyon mouvman an, ki se yon mouvman afwosantrik, ki vize mete an evidans valè ak afrikanite patisipan yo atravè vizyon kominotè TRiboLAND Medya Network.

Jènn yo plede pou pote ale byen lwen misyon TRiboLAND lan. Yo espere rasanble plis jènn nan yon demach ki kapab fasilite, komin Basen-Ble an benefisye plis fòmasyon fondasyon an ki chita plis sou devlope konpetans ak enfwastrikti kominotè, ki se inik zam pou konbat delenkans jivenil.

Se konsa, rankont ak ti bat bouch sila a, te pran fen ak yon videyo ke tout antite konsène yo te pran, yon fason pou te reyitere angajman yo pandan yo ap remèsye PDG mouvman an ki se Papa Loulou.

Comments are closed.