Moun nan popilasyon Tomasen 48 mare kou krab yon nouvo prezime chèf gang.

1,041

04-25-2023

Petyonvil, Ayiti ___(TRiboLAND) Moun nan popilasyon lokalite Tomasen, mare kou krab yon nouvo prezime chèf gang Ti Makak te enstale nan zòn nan, sa pase ozanviowon 11 zè lendi 25 avril 2023 a.

Popilasyon nan zòn, Tijo, Kanapevè ak Tomasen fè konnen yo pap dòmi. Yo mobilize e detèmine pou kolabore ak lapolis nasyonal Dayiti yon fason pou fè lapè retounen nan kominote yo.

Aksyon bandi yo ap miltipliye, alòske kontwòl ak aksyon bandi komanse sou kle; e yo presize zòn sa yo dwe tounen simetyè pou bandi.



Comments are closed.