Fondasyon TRiboLAND lanse pou yon dezyèm fwa, yon seminè fòmasyon gratis ti cheri nan awondisman Gwomòn.

972

01 – 09 – 2024

Gwomòn, Ayiti____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND deside miltipliye e gaye fòmasyon li yo nan divès depatman pou ane 2024 la, sa ki lakòz yo lanse san kanpe yon dezyèm fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodui chimik nan awondisman Gwomòn, depatman Latibonit.


Sòti 13 pou rive 14 janvye k ap vini la a, ekip Fondasyon TRiboLAND lan deja ap prepare yo pou reponn prezan nan lakou Lycée Jacques Roumain, nan ri Ambroise, yon mannyè pou bay kèk fanmiy ki vilnerab, yon zouti pou goumen ak la mizè.

Fòmasyon an pral egzekite sou anviwon 14 pwodui tankou : detèjan likid, dezenfektan, savon likid ak savon eklèsisant, pafen spray ak pafen lwil, pomad vazlin, tretman pou cheve, vinèg, diven wouj, lèt konsantre ak esans, poun site sa yo sèlman.

Fondasyon TRiboLAND ki genyen nan tèt li Papa Loulou pap dewoute. Objektif estrikti sosyàl la, se arive dechouke fenomèn delenkans jivenil la, ki kwaze 2 pyel sou wout jenès la, atravè tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.


Comments are closed.