Pòdpè: Dekouvèt kadav 2 ti moun ki te gen manman yo asasine: Lapolis fouke Pierre Wandios, youn nan prezime asasen yo

212

01/12/21


Pòdpè______(TRiboLAND) Lajistis nan Pòdpè dekouvri lendi 11 janvye 2021 an kadav 2 timoun yo kit e genyen manman yo asasine nan lokalite Dlo Sale: Bob Saintil 15 lane ansanm ak Fleuridieu Chisenaïda 9 lane ki te disparèt nan zòn Pòs Metye, 8e seksyon kominal Pòdpè, lokalite Dlo Sale depi nan dat 31 desanm 2020 an.

Jij depè Tribinal Pòdpè a, Me Paul Blanc ki pase kazèk zòn nan lòd pou antere kò 2 timoun sa yo, jounen madi 12 janvye 2021 sa a, deklare se nan yon falèz toupre Semityè Mòn Palmis lan, toujou nan menm seksyon an ke bandi sangwen yo te jete kò 2 timoun sa yo kote chen te deja fin devore kadav yo ki tap degaje movèzodè.

Nan kad ankèt ki deja louvri sou krim sa yo, lapolis nan rejyon an deja poze men nan kòlèt, Pierre Wandios sou Wout nan Bouchi toupre Vil Pòdepè. Yo akize kriminèl la kòm youn nan prezime asasen madam Kerreleine Julien, 48 lane, manman 2 timoun yo: Bob Saintil ak Fleuridieu Chisenaïda ke bandi te rache ak manchèt ansuit lage’l nan yon twou twalèt nan menm dat 31 desanm pase a.

Mete men nan sou prezime bandi Pìerre Wandios, se yo gro efò bò kote lapolis; sepandan, pèp souveren te prèske pase prezime asasen an a lenfinitif.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.