Avoka yo nan bawo jiridiksyon Jeremi an, kouche ankwa kont grefye ak chèf tribinal Premye Enstans Jeremi an.

1,269

04 -25- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou anpeche grefye tribinal Premye Enstans Jeremi an, Jean Serge Eugène trete dosye ankachèt, pandan ke tout grefye atravè peyi an grèv, plizyè avoka denonse e kanpe an bandoulyè kont grefye konsène a.

Richadson Philippe ki te akonpaye kèk lot kolèg avoka li byen bonè maten jodi 25 avwil 2023 an, bloke rantre prensipal biwo grefye a, chè tribinal lan, Jean Serge Eugène, pou anpeche l trete dosye ankachèt.

Daprè Jean Serge Eugène, ki se prezidan Asosiasyon Grefye Ayiti pou Jeremi, deklare nan mikro TRiboLAND se paske li pa danse kole ak yon seri prensip ki pa klè. Li pa dakò rantre nan lojik vyole prensip Asosiasyon Grefye kap fè grèv pou mande ogmantasyon salè yo, ki fè avoka akizé l kòm grenn senk kap fè lajan anba tab.

Comments are closed.