Pou pipiti 70 moun mouri nan yon atak gang nan komin Site Solèy.

1,258

04-25-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Pou pipiti 70 moun mouri nan kad yon atak bandi fè sou popilasyon komin site Solèy la nan dat vandredi 19 Avril 2023 a. Selon responsab pwogram Rezo Nasyonal Defansè Dwa Moun (RNDDH), madam Marie Rosie-du-Sénat.

Responsab Pwogram RNDDH la, madam Rosie fè konnen atak bandi yo ap ogmante nan 18 lokalite ak 5 komin nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Madam Marie Rosie-du-Sénat kondane konpòtman manfouben chèf gouvènman defakto Ariel Henry a, ki kwaze 2 bra li ap gade bandi kap mache fè atak sou popilasyon sivil la kap kouri agoch adwàt, yon fason pou yo sove tèt yo.

Nap siyale, anviwon 13 prezime bandi mouri kankannen anba men popilasyon nan loklalite Kanapevè nan Pòtoprens yè lendi 24 avril 2023 a.



Comments are closed.