3 manman fanm bandi Gran Grif jwen arestasyon yo nan depatman Latibonit lan

12 – 19 – 2024
Savyen, Latibonit______(TRiboLAND) Aprè netwayaj fòs lòd yo finn fè nan Savyen, patikilyèman nan Palmis, basyon mouvman gang yo nan depatman Latibonit, otorite yo arive mare kon grab twa manman Baz, ki se boubout manm gang Gran Grif la.
- Cara belajar hacking untuk pemula
- Cara deface website untuk pemula
- Cara menjadi ethical hacking
- Cara menjadi pentester
- Cara belajar hack website untuk pemula
Medam sila yo ki tap tante chape poul yo akoz gro koukouwouj lapolis ki lage dèyè yo, tap trese lèl pou travèse lizyè pou al tonbe nan repiblik dominikèn, ta pral jwen ak zo grann yo lè lapolis te arive fouke yo.
Nouvèl yo konfime, se avèk ladrès ak teknik byen kowòdone ansanm ak sipò popilasyon ki pèmèt yo arive entèsepte manman Baz sila yo ki se anmourèz manm gang Savyen ki genyen alatèt Luckson Élan ak gang Gran Grif ki anba direktiv yon sèten Jonas.






