Direktè lekòl nasyonal Miks nan komin Gran-gwav Nesly Baptichon mande entèvansyon yon fòs etranjè pou vin mete lòd nan dezòd andan peyi a.

1,074

01-28-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè lekòl nasyonal Miks nan komin Gran Gwav, Nesly Baptichon nan yon entèvyou ak laprès jounen mèkredi 25 janvye 2023 a, mande entèvansyon yon fòs militè etranje pou vin mete lòd nan dezòd, yon fason pou fasilite renouvèlman pèsonèl politik la andan peyi Dayiti.

Selon edikatè Nesly Baptichon, fenomèn ensekirite ak kidnapping sa a, depase leta ayisyen ak enstitisyon polis la; pou edikatè a, li rete kwè se sèl yon fòs entèvansyon militè etranjè kap kapab mete gang yo an dewout. Anseyan an ki pa manke mo pou kritike tout ansyen palmantè ki pase yo, li di ki pat fè travay yo, ki lakoz peyi a tonbe nan kriz sosyo-politik san parèy sa a.

Pi lwen, direktè lekòl nasyonal Miks nan Gran Gwav la, egzije otorite nan la Jistis Ayisyèn pou pouswiv tout moun entènasyonal la, idantifye ki nan konivans gang, kap bayo zam pou detwi pèp ayisyen an, ni sa ki nan kòripsyon, ni sa ki nan dròg; jije yo, sezi tout sa yo posede pou tò malfektè yo fè sosyete ayisyèn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.