Ayiti Kidnapping : Bandi “Baz Gran Grif” kidnape Pastè Rubens Lubérisse ak yon manm fidèl li.

1,290

04-24-2023

Lyankou, Ayiyi____(TRiboLAND) Yè lendi 24 avril 2023, bandi “Baz Gran Grif” kidnape nan Lyankou, depatman Latibonit, Pastè Rubens Lubérisse ak tout yon fidèl li.

Yon sous serye ta konfime ke zak kidnapping nan ta mak fabwik manm gang ame Baz Gran Grif yo ak konplisite group gang Savyen an. Menm sous sila, kontinye pou li konfime ke otaj yo se moun natif natal Lyankou, depatman Latibonit.

Remake: Yè lendi a, plizyè bandi nan “Baz Gran Grif” te viktim bò kote popilasyon “Chandèl” la, ki voye yon sinyàl klè atravè yon brigad rezistans pou bay gan yo mounnen pyès yo. Yon parèy katchouboumbe, te okazyone plizyè moun ta mouri nan popilasyon sivil la.

Jude-Nelson Guerrier



Comments are closed.