Lapolis nan komisarya santral vil Okay arete prezime gang Océ Petit Homme.

1,158

04-25-2023

Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan komisarya santral nan vil Okay mete men nan kòlèt prezime manm gang Océ Petit-Homme jounen madi 25 Avril 2023 a.

Kiyès Océ Petit -Homme ye: Océ Petit-Homme se gran frè ansyen chèf gang, Carlo Petit-Homme alyas Ti Makak.

Aprè lanmò ti frè li ansyen chèf gang Timakak ki tap opere nan Laboul 12, Océ Petit-Homme al pran refij li nan vil Okay yon semèn pa pase lapolis mare li kou krab.

Pou kounye a, prezime manm gang Laboul 12 la, Océ Petit-Homme ap reflechi dèdo 4 miray, annatandan pou li al repon’n kesyon la jistis nan vil Okay depatman gran sid peyi a.

Comments are closed.