Basen Ble : fidèl katolik yo selebre sen patwon yo “Saint-Georges”

541

Basenble : fidèl Katolik yo selebre sen patwon yo “Saint-Georges”

04/23/2021

Basen Ble____(TRiboLAND) Se jounen vandredi 23 avril 2021 sa a, fidèl katolik pawas Basen Ble, pèleren ki te soti toupatou selebre sen patwon yo “Saint Georges”.

Nan okazyon an, yon gwo mès pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan chapèl Basen Ble a, anprezans plizyè otorite nan Leta a tankou : Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè Komin Basenble a, msye Anthony Manigat, direktè depatmantal polis Nòdwès la, David Compère, Senatè, Kasek, Asek, Delegevil pou n site sa yo sèlman.

Selebran Prensipal la, Mgr Charles Peters Barthélus, nan omeli sikonstsans lan denonse zak kidnapin, vyòl, krim li di ki pa sispann taye banda nan peyi dayiti, prensipalman nan kapital ayisyèn nan, kote bandi 400 Mawozo deja kidnape yon dizèn relijye /relijyèz depi plis pase yon semen anprezans otorite yo nan Leta e ki pa janm di yon mo.

Devan tout zak repinyans sa yo, prela Nòdwès la mande pou otirite yo nan peyi a fèmen wobinè san saa ki pa janm sispann koule chak jou Bondye mete sou tè papa Desalin nan.

Pilwen, Mgr Barthélus kritike tou otorite yo nan Leta a k ap finanse gang yo pou simen lanmò ak kè sote nan mitan yon popilasyon ki livre pou kont li.

Nan sans saa, prela Nòdwès la, nan okazyon an pwofite preche linyon ak renmen nan mitan sosyete ayisyèn nan. Li plede anfavè yon vrè dyalòg nan mitan tout sektè pou rive retire pèp ayisyen an nan eta lamantab li twouve l jounen jodi a.

Kanta gang yo k ap mache mete dlo nan je popilasyon an ayisyèn nan, Mgr Charles Peters Barthélus pa mande lòt bagay pou yo si non ke “LAREPANTANS.”

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.