Gwoup sendika (CEDATHA) denonse kèk dirijan Pak Endistriyèl Karakòl nan Wanament.

2,390

06-09-2022

Nan yon nòt ki soti 7 jen 2022 sa a, Santral Otonòm Demokratik Travayè Ayisyen yo (CEDATHA) denonse agresyon ki fèt sou kòlèg travay yo .

Wananment, Ayiti____(TRiboLAND) 24 Mas pase a nou jwenn yon mesaj sou rezo sosyal yo ak atravè travayè yo ki konfime Mesye Celissa SAINT-SYR direktè Modil 1, li te absan fizikman nan plas travay li sepandan, li te siyen asistans prezan (punched).

Nou louvri yon ankèt sou dosye sa a pandan de mwa ki sot pase yo (avril, me). Nan dat 26 me pase a, Madam Park HONG, responsab pwodiksyon Modil 9 e nasyonalite Koreyèn atake fizikman e vèbalman Madam Eddy-Wildrey ZEPHIRIN, yon manm sendika travayè ayisyen S&H GLOBAL S.A (SOHASHG) ki afilye ak CEDATHA.

Okenn travayè pa ta dwe sibi zak asèlman moral oswa seksyèl ki ta ka mennen nan yon deteryorasyon nan kondisyon travay yo ki kapab afebli dwa yo ak diyite yo, chanje sante fizik oswa mantal yo, oubyen mete an danje avni pwofesyonèl li.

Nan jou kap vini yo, nou pral rale tiwa a pou montre rès monn lan ke HOPE II/HELP echwe nan peyi Dayiti. Nou mande depa imedyat konsène yo, epi nou mande Better Work Haiti pou pwoteje Madan Eddy-Wildrey pou li pa viktim 2,3,4 fwa.

CEDATHA ak afilye li yo rete disponib pou bay tout enstitisyon endepandan enfòmasyon kredib pou ka sa yo. Kòd travay ayisyen an: obligasyon patwon an pou trete travayè yo ak respè e bon swenyaj.

Jn simon Manex, TriboLAND

Comments are closed.