Nan protestasyon pou liberasyon yon konfrè doktè kidnape: ajan PNH krible yon etidyan medsen ak bal nan figi

213
0
Share:
TRiboLAND

11\28\20

Pòtoprens___(TRiboLAND)  Tou swit yo te aprann anlèvman confrè yo, Dr. Hans David Télémaque, entènis e ki afekte nan Lopital Inivèsite Deta Dayiti jodi samdi 28 novanm 2020, medsen etidyan ak enfimyè tout kalite nan syans sante te pran lari pou reklame san kondisyon liberasyon Doktè ki pase tout nwit la nan over time pou bay yon pakèt malere swen.

Aloske yon ekip kriminèl ou mons mal fòme nan PNH la ta pral anpeche medsen yo proteste kont anlèvman Doktè Télémaque jiskas yo arive krible yon lòt etidyan medsen anba bal nan figi. Etidyan yo ki te ankòlè e ap kriye pou yon lòt konfrè ki arive blese e transpòte nan ijans avèk anpil emosyon. “Sou vitès moun yap kidnape ou vyolans alye gang gouvènman Jovenel Moise la deklentche la nan 24 èdtan sa yo, eske popilasyon an ap kapab menm pran chans ak pouvwa PHTK menm pou 2 semèn ap mache poul pa mache pran tout PHTK,” daprè Frizt, yon etidyan medsin twazyèm ane ki tap depoze.

Dr. Hans David ki se yon etidyan nan Fakilte Medsin ak Famasi nan Inivèsite Deta Dayiti te arive kidnape anba grif bandi sangwen byen bonè nan maten alòske li tap prepare’l pou bay sèvis ak yon seri malere malad ke yo abandone nan Lopital Jeneral.

Jan sa ap sikile sou rezo sosyàl yo, ajan PNH yo tap plis provoke etidyan yo kit e sèlman ap proteste pèsibleman ak pankat nan men yo. Ankò yon lòt zak inyoran jak sou jak ki okazyone yon lòt doktè viktim anba men polisye malfòme ki ta sanble fè alèji ak etidyan.

Share:

Leave a reply