Kwà Dèboukè Kidnapping : Pè Evens Francis nan Lilavois

237
0
Share:
TRiboLAND

07/19/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nèg ame sangwen ke yo pa arive idantifye yè dimanch 18 jwiyè a, kidnape vis-dwàyen Grand Séminaire ki chaje pou fòmasyon pwèt katolik yo, reveran pè Evens Francis nan Lilavois, nan Kwa Dèboukè.

Antouka, malgre Ayiti ap pran lanm ak tout kalite kriz, bandi sangwen yo pa gen kè sansib. Yo mete dlo nan je yon lòt fwà ankò legliz Katolik, patikilyèman fidèl manman Mari yo kap viv nan komin Kwà Dèboukè.

Bandi yo kidnape pè Francis abò yon machin pandan jounen yè dimanch lan, dapwè temwen; depi lè a fanmiy ou konferans episkopal la poko janm tande bandi sangwen yo. Yon sitiyasyon ki reyèlman alame fanmiy viktim nan ak kominote eklezyastik la.

Share:

Leave a reply