Wozo Lock! Nan kontinye ekjije demisyon premye minis ayisyen doktè Ariel Henry, opozan fawouch yo bloke wout Nasyonal nimero 7 lan.

953

01 – 29 – 2024

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Tout swit aprè manm popilasyon an nan Jeremi te finn defoule yo nan anbyans prekanavalesk yo, sòti nan lannwit dimanch 28 janvye a, pou louvri lendi 29 janvye 2024 devanjou, wout nasyonal nimero 7 lan te paralize.

Opozan fawouch kont ekip sangwen ki sou pouvwa a, bloke wout lan nan direksyon Chato, Wozo, pou n site zonn sa yo sèlman.

Nan kad mouvman ke yo batize “Wozo Lock” la, lapolis, travo piblik, lameri toujou pa anmezi pou fe okenn entèvansyon pou fasilite lib sikilasyon popilasyon an, ki vle vake ak okipasyon yo. Gwo kamyon machandiz kanpe anbandoulyè ak barikad wòch ak pyebwà pa bay pasajè yo yon ti chans pou aksesibilite.

Comments are closed.