Nathalie Joachim: pwemye jènn fanm ayisyènn ki nome pou Grammy in World Music

0 434

Los Angeles/CA__(TRiboLAND) Avèk albòm “Fanm D’Ayiti”, jènn Ayisyènn-Amerikènn, yon gradye nan West Orange High School (WOHS) nan lane 2001,  yon pitit fi tè Dayiti, Nathalie Joachim jwenn nominasyon li nan Grammy in the World Music Category. (Grammy nan Kategori Mizik Modyal)

Nathalie se yon flutis, vokalis e konpozitè ekstrawòdinè kit e kòmanse evolye nan parad lekòl WOHS e apwè gradyasyon li te ale nan lekòl Juillard School of Music (Lekòl Mizik Juillard) e kòmanse anbake nan yon vwayaj ki chaje ak siksè.

Nan solo albòm Nathalie a ki chita sou enstriman flut, vocal, kat kòd kwatyo, ak elektwoniks e ki anrejistre avèk Chicago’s Specktral Quartet, li anbwase eritaj ayisyen ak mizik gwo atis fanm ki trè repite.

Depi l te finn gradye nan WOHS, Joachim travay anpil ak yon seri mizisyen ak gwoup gwo renome. Li se yon ansyen manm Eighth Blackbird (Wyit Zwazo Nwa) e ko-fondatè Flutonix, yon diyo ki pèfòme tout kalite mizik kòmanse nan klasik rive nan mizik Indi. Talan Joachim an trè rechèche e se pa de moun ki tonbe damou pou abilite li genyen nan konpoze mizik; e sa ki pi rèd, li menm ap ekri tout jounen pou yon pakèt atis vocal, enstwimantal, dans, ak lòt disiplinn ki gen pou wè avèk teyat.

Antouka, jou kap 26 Janvye 2020, Nathalie Joachim yon pitit fi ki soti nan zantray tè Dayiti ap resevwa an gran panpan Grammy Award li, kòm pwemye ayisyènn ki nome nan nivo Grammy in the World Music Category. Seremoni Grammy an ap fèt e televize nan Staples Center a ki nan Los-Angeles Californie.

credits: NathalieJoachim.com

Leave A Reply