Kòripsyon nan Nòdwès : Dosye “plan espesyal” Pòdpè a franchi yon lòt ki pa piti.

1,369

Dosye 5 milyon dola ki te disponib pou plan espesyal Pòdpè a, fenk parèt tèt li nan kabinè enstriksyon.

04-21-23

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rapò teknisyen ULCC yo te voye bay pakè Pòtopwens lan nan lane 2021, sou zafè 5 milyon dola vèt kite disponib pou plan espesyal Pòdpè a, nan sans sa a, komisè gouvènman pakè Pòdpè a, Mèt Applys Félix, ki te jwenn dosye a, transfere’l nan kabinè enstriksyon san pèdi tan pou swit nesesè yo.

Ajan ULCC yo nan kad ankèt la, founi zye gade divès travay ki pa reyalize tankou : Pak Espòtif Lasalin nan, twonson wout zòn Latandri ak Ri Durmasais Estimé, konstriksyon divès lòt chantye travay. Nap sinyale ou, nan kad 5 milyon dola vèt ki te disponib pou plan espesyal sila, sèlman Plas Dàm Pòdpè a ak Plas Kapwa Lamò a kite arive konstwi.

Retrase tout mak kòripsyon ak gagotaj, san konte gaspiyaj nan kad gwo magogo fon sila, ULCC mande pou pakè Pòdpè a mare kou krab divès gwo pèsonalite ki tap tete bèf letyè a tankou : Lucien Francoeur, Harry Adam, Luiz Amio François, Fred Lizaire, Rodolph Nemorin san bliye fim ki te responsab travay yo ak zanmitay reselè yo, poun site prezime chat sa yo sèlman, dapwè Radio Métronome.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, ki jij enstriksyon ki resevwa dosye a? Eske listwa pral fèt nan kad dosye sila? Oubyen èske kriminèl yo pral kontinye mache menm jan ak tout moun andedan peyi a? Yon dosye TRiboLAND ap swiv ak anpil atansyon.

Comments are closed.