1milyon 500 mil goud, se katite magogo bandi yo nan Matisan reklame pou libere Jeannet Pierre.

1,120

04-23-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Fanmi ak pwòch Jeannet Pierre yo nan yon entèvyou ak jounalis jounen dimanch 23 avril la, mande liberasyon otaj la bandi ak gwo zam nan men yo te arive kidnape nan Matisan

Fanmi lan ki deklare yo pa genyen tout kantite lajan sa a, yo reklame a. Jeannet Pierre se yon bòs seramik kap brase lari a pou’l kapab viv ak fanmi ni, li pa genyen lajan, se yon pòv malere.

Pwòch li yo, mande kolaborasyon tout moun ki konnen Jeannet, pote kichoy yon fason pou wè sa yo jwen pou lage nan men bandi yo; pandan yo mande ravisè yo pou pran konsyans, lache kè yo pou pran ti sa yo genyen an pou rive libere otaj la.

Nap raple, nèg ame yo te kidnape 3 moun nan dat 13 avril 2023 pase a, pami yo 2 gason yon fanm. Aprè negwosyasyon, bandi yo libere youn ladan yo alòske Jeannet Pierre ak yon demwazèl ki se pitit Tigwav toujou anba men ravisè yo.

Comments are closed.