Istoryèn Odette Roy Fombrun di planèt la babay!

1,340

12-23-2022

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Li te toujou anonse ke li pa lwen pou pati, e sèl regrè lap genyen nan tonbo li, se gè chyen manje chyen ant diferan klas nan sosyete ayisyèn nan ki pa kapab antann yo pou sove peyi kap efondre”, selon istoryèn Odette Roy Fombrun, ki jodi vandredi 23 desanm 2022 a, travèse pou Loryan Etènèl.

Ekrivèn nan te toujou reve wè yon chanj atravè peyi a. Se konsa, mwa me dènye li te fòmile yon lèt bay premye minis Ariel Henry pou mande l sispan pale mete la, sinon ke pran yon seri aksyon konkrè.

Odette Roy Fombrun, te genyen 105 lane, li te pami group santenyè peyi Dayiti a. Li mouri lakay li vè 9:28 nan maten, daprè sa ke Fondasyon Odette Roy Fombrun rapòte. Ke nanm Odette repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.