Tigwav: Kòdonatè kazèk 12èm seksyon a, mande entèvansyon otorite lokal ak santral yo nan ansanm rivyè yo ki menase lavi abitan yo.

1,212

04-20-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav, Soliman Nosalito, nan yon entèvyou ak laprès jounen mèkredi 19 avril 2023 a, nan objektif pou mande entèvansyon otorite lokal ak santral yo nan divès rivyè ki deja ap fè abitan yo dòmi yon je ouvwi yon je fèmen.

Gwo bout tonton rivyè Ladig, rivyè Pwovans, Nanma, Kab Destre ak Samafè, se kèk rivyè ki merite kire yon fason pou evite peyizan yo viktim anba inondasyon nan ba seksyon an, daprè premye sitwayen an.

Administratè seksyon an, Soliman Nosalito deklare, li deja fè ti bat bouch ak direktè biwo travo piblik branch rejyon gwavyèn nan, enjenyè Franck Celestin; li presize ke enjenyè a rapòte li, li gen volonte pou’l travay men sepandan leta santral pa fasilite li jwen mwayen pou’l bay popilasyon an rezilta lap tann nan.

Yon lòt kote, alatèt 12èm seksyon an, Soliman Nosalito pwofite lanse yon vibran apèl bay chofè kamyon yo nan vil la, pou pa jete pil tè, fatra tout kalite nan rivyè Ladig la; li kwè se fatra ak pil tè yo jete nan rivyè a ki lakoz anba pon an plen ap vèse.

Kazèk Soliman plede pou otorite lokal ak santral yo dote rejyon an yon sit dechaj paske daprè li, popilasyon nan rejyon an, nan gwo difikilte pou yo jete fatra.

JOICY Arnold

Comments are closed.