Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan jiridiksyon Aken mete anba kòd yon ansyen ajan polis minisipal meri Tigwav.

16
0
Share:
TRiboLAND

04 – 26 – 2026

Aken, Ayiti ____ (TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan jiridiksyon Aken, mare kou krab ansyen ajan polis minisipal meri Tigwav la, Paul Apolon alias Siyon, samdi 25 avril 2026 lan, sou akizasyon moun ki ta touye yon jèn gason ki pote non Jimmy Fremond.

Nap raple, sa fè anviwon 3 lane depi lapolis ak lajistis nan jiridiksyon Tigwav, tap chèche tankou chen fou ansyen ajan polis minisipal meri Tigwav la, Siyon pou enplikasyon li nan lanmò Jimmy Fremond ki tap viv nan zòn Fòlibè 11èm seksyon Ravin Sèch, komin Tigwav

Share:

Leave a reply