1086 enfekte epi 12,152 lòt ka sispèk kolera nan peyi Dayiti.

1,006

12-20-2022

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) 1086 enfekte epi 12,152 lòt  ka sispèk, se bilan epidemi kolera a, ki kontinye ap bay kè sere nan peyi dayiti.

Pou evite plis mouri, Ministè Santé Piblik ak Popilasyon (MSPP) lanse yon kanpay vaksinasyon nan depatman lwès ak sant peyi a ki demare nan dat 18 pou rive 28 desanm 2022 kap vini la a.

Antretan, nan Tigwav ak Grangwav epidemi kolera a pa sispann touye moun nan kategri sa yo: jèn gason ak jèn fi, timoun piti ak fanm absent.

Nap raple, pou Tigwav, selon chif responsab lopital jeneral Notre Dame nan, doktè Fred Jasmin, genyen plis pase 5 mò sispèk kolera epi 140 ka sispèk.

Kazèk 7èm seksyon kominal Tigwav la, Petion Franckèl relate 3 moun mouri sispèk, pami yo yon fanm ansent epi 17 lòt enfekte. Alòske kazèk 8èm seksyon kominal Tigwav la, madam Iracide Desgranges rapòte 2 gason mouri sispèk ak kolera epi 32 lòt enfekte. 

Pou Grangwav, responsab yo nan lopital Georges Govin deklare bay laprès: 5 mò sispèk kolera epi plis pase 50 lòt enfekte ak kolera.

JOICY Arnold

Comments are closed.