Vil Tigwav konnen yon jounen tansyon, panik, ak vyolans akòz elèv lise yo ki tap proteste pou profesè ke yo pa genyen nan klas yo.

1,257

04-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Elèv yo nan lise Fosten Soulouk Tigwav, manifeste nan lari byen bonè maten lendi 17 Avril 2023 a, kote yo mache lage tout lòt lekòl ki pa soti pou ede yo proteste. Yo sakaje baryè yon latriye lekòl ak kout wòch e boutèy plat atè e fòse yo lage pye elèv yo pou ede yo proteste.

Bilan anviwon 10 elèv viktim nan gaz lakrimojèn lapolis ak tèt kase. Baryè lekòl Methodiste la rache plat atè, pakè a resevwa anpil kout wòch epi fòse anplwaye yo relache avan lè; sepandan, majorite viktim yo soti nan lekòl Méthodiste. Plizyè nan yo te oblije ale pran swen nan lopital Notre Dame.

Objectif manifestasyon an, selon elèv lise yo, se pou egzjije pwofesè nan sal klas yo; yo fè kwè ki pa mete pwent pye yo depi plis pase yon mwa. Liseyen ki te jwen sipò bò kote elèv koléj yo, yo te plizyè santèn nan lari a, ap kriye, yo vle edikasyon, yo pavle zam.

Elèv lise Fosten Soulouk yo bò kote pa yo, repwoche leta ayisyen atravè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl yo di, ki dwe pwofesè yo plizyè mwa san yo pa jam peye yo.

Nap siyale, elèv lise yo ki te trè vyolan epi menasan, fè konnen, toutan leta pa peye pwofesè yo, pou yo jwen kou nan sal klas yo, yap toujou okipe beton an, pou fòse otorite konsène yo.tande larezon.



Comments are closed.