Bandi antichanjman ensandye plis pase 300 poto pou pwojè alimantasyon elektrik nan komin Koray

389

04/10/2021

Koray, Grandans______(TRiboLAND) Bandi sangwen detwi tout rèv lumyè popilasyon Koray la e latriye kit e sou lis pou benefisye ti gout elektrisite. Vandredi swa, sangwen kriminèl ke moun pa arive idantifye mete dife nan yon 300 poto ki te destine pou elektrifye komin Koray ak plizyè lòt nan kàd pwogram kouran 24/24 Jovenel Moise la ki pa sispan pran anpil pataswèl nan sabotaj.

Poto sa yo ki te koute pèp anyisyen anpil magogo e ki te pran anpil mannèv pou arive transpòte nan Koray. Se yon zak kriminèl, non sèlman ki soulve endinyasyon popilasyon ki genyen tout yon rèv ki disparèt, men tou ki montre aki animozite ayisyen an pa vle wè pwòp tèt ak antouraj li.

Plizyè elèv lekòl te pran lari nan Koray vandredi 9 la pou te pwoteste kont sangwen anti chanjman yo ki mete dife nan 300 poto ki ta pra’l pèmèt plizyè komin benefisye kouran elektrik. Pwotestatè yo ki se espwà lavi, pat sispan mande arestasyon sangwen ki toujou swete wè moun nan popilasyon an kontinye viv a nivo pwimitif. Yon seri sangwen ki konpran ke se Jovenel Moise ke yo blese alòske li pa abite Koray e ni li pap viv nan fè nwa nan depatman Grandans lan!

Comments are closed.