Pou ede polisyé nan Jeremi kenbe moral yo byen wo, CSm òganize 2 seyans fòmasyon.

950

02-19-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Cellule Santé Mentale (CSm) ki regwoupe medsen sikològ pwofesyonèl yo nan vil Jeremi parapò a yon ansanm pwoblèm ki kapab kontrarye bonnanj pesonèl polisye yo sou fòm “stress” parapò ak zak banditis ak gang ame sou tout anndan peyi a.

Presyon ak operasyon pou jere vyolans ak krim nan yon anviwonman popilè yo, se gro latroublay ak tèt vire. Anplis, konsekans sou fanmiy e latriye egzije bonjan entèvansyon sikolojik, selon Doktè sykològ Cadet Kenderson ki konfime ke pwoblèm “stress” lakay polisye yo, kapab lakoz sosyete sivil lan viktim defason inosan.

Responsab pwogram (CSm) ki regroupe medsen sikològ pwofesyonèl yo nan Jeremi, Doktè Cadet Kenderson deklare nan mikro TRiboLAND travay apyi siko sosyal sa a ke enstitisyon CSm ap bay popilasyon Grandans lan depi apwè Tranblemantè 14 dawou 2021 an, non sèlman touche polisye yo, men tou rive lakay fanmiy yo ki egalman viktim tout fòm vyolans.

Ki donk, fanmiy tankou madam, pitit, papa, manman e pwòch polisye yo ap benefisye gratis ti cheri tout apyi siko sosyal nan kad pwogram sa a ke òganizasyon non gouvènmantal (HHF) sipòte finansyèman.

Comments are closed.