Kolektif Chanm Komès Gran Sid pote yon asistans imanitè bay kèk viktim nan Jeremi.

06-21-2023
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pou pote yon asistans imanitè bay viktim inondasyon 3 jen yo ak tranblemantè 6 jen 2023 a, Kolektif Chanm Komès Gran Sid ki regwoupe depatman Sidès, Nip, Sid, ak Grandans, vía biwo depatmantal Chanm Komès ak Endistri Grandans, distribye yon bon valè kichoy pou viktim yo.

Kolektif la livre plizyè dizèn kit alimantè, kit ijyenik ak medikaman bay kèk moun kite plis viktim anba katastròf natirèl yo, ki fè anpil blese, mò ak destriksyon byen materyèl kay kraze e andomaje.
Nan non Kolektif Chanm Komès Gran Sid lan, doktè Rose Midrene François, premyè sekretè chanm lan nan Grandans ki ta entèvni nan mikro TRiboLAND, pwomèt pou chache plis moyen nan nivo kolektif lan, pou aji anfonksyon bezwen viktim ki plis nan bezwen
yo, atravè diferan komin depatman Grandans lan.






