Fondasyon TRiboLAND reyalize 2èm jounen fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik nan komin Ansafolè.

1,245

04-16-2023

Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Jodi dimanch 16 avril 2023 a, Fondasyon TRiboLAND klotire ak anpil satisfaksyon dezyèm jounen fòmasyon gratis li sou fabrikasyon pwodwi chimik nan komin Ansafolè.

Toujou nan objektif pou konbat delenkans jivenil, plis pase 80 jenn fanm ak jenn gason soti nan 3 seksyon yo ak sant vil la, swiv dezyèm jounen fòmasyon sila. Konsa, jwèn yo te pase yon moman aprantisaj. Yon te genyen posibilite pou fè: likid, pomad vazlin, alkòl, pafen lit, ak vinèg, pou n site sa yo sèlman. Jèn yo te byen dispoze pou swiv 2 jounen fòmasyon sa a, kote yo fè anviwon 15 pwodwi nan 2 jounen fòmasyon sila.

Fòmasyon TRiboLAND la, pandan 2 jou nan komin Ansafolè sou fabrikasyon pwodwi chimik, te fasilite plizyè group mount e sòti byen lwen e vinn mete bagay nan tèt yo. Yon fòmasyon ki reyisi gras ak sipò Fondasyon TRiboLAND ak Radio Marconi FM nan vil Pòdpè. Fondasyon TRiboLAND dekrete lapèmanans nan zafè fòme jèn san yo pa peye yon pyas, yon fason pou ka genyen bonjan konpetans abilite pou konbat ak lavi difisil la.

Jodi dimanch 16 avril 2023 a, fòmasyon ki te reyini anviwon 80 jenn fanm ak jenn gason, pran fen. Yo te aprann pandan dezem sesyon an: pafen akflit, vinèg, alkòl, pomad doulè ak krèm kòporèl poun site sa yo sèlman. Nan fen seyans lan, chak patisipan yo resevwa yon sètifika ke ekip TRiboLAND lan delivre ba yo.

Patisipan yo ki te ekzite, pat kache eksprime kontantmam ak satisfaksyon yo anvè inisyatè yo tankou: komite a, fòmatè yo ak Fondasyon TRiboLAND. Yon lòt kote yo remèsi efò ak detèminasyon PDG Loulou, ki fè santi genyen kèk grenn ayisyen toujou ki vle ede tout bon vre.

Fondasyon TRiboLAND ap kontinye fè tout sak posib nan pouvwa li; lap kontinye bay jènn yo fòmasyon san yo pap peye senkòb Lesko, yon fason pou kontinye lite kont delenkans jivenil ak pèmèt jènn yo genyen bwase ekonomik nan men yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.