Lekòl Nasyonal Brignol Lindor nan 9è seksyon Dèpal nan Tigwav, kanpe travay akoz aryere salè pwofesè yo.

1,374

04-15-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Lekòl nasyonal Brignol Lindor ki nan 9è seksyon kominal Dèpal, Tigwav, lokalite Bezas, e kap dirije anba lobedyans Yves Séralien, anonse ke pwofesè yo kanpe travay depi plizyè semèn akoz leta atravè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl ki chwazi pa peye yod epi plizyè mwa.

Direktè Séralien ki esplike siitiyasyon an difisil e mem konplike pou anseyan yo, estime ke majorite pwofesè kap fè kou nan lekòl la, soti nan vil la, y’ap moute Dèpal al fè kou 3 fwa nan semèn nan, alòske pou yon sèl moute yap peye 2 mil goud. Konsa, lè ou miltipliye 3 moute pou yon semèn san kontrole desann, li bay yon total 3 mil goud; sepandan se 17 mil goud ki rantre nan men yo, mete sou lòt depans ki sou do yo, selon Direktè Yves Séralien, se pete fyèl.

Anseyan an, deklare toutan ministè a pa peye yo, yo pa genyen mwayen ekonomik pou yo peye moto al fè kou nan lekòl la,menm si yo rekonèt se elèv yo kap peye sa.

#1 lekòl nasyonal Brignol Lindor a, presize minis edikasyon an, Nesmi Manigat benefisye yon bann privilèj nan leta a. Li manje e gagote chak jou, pitit li nan gwo lekòl nan peyi etranje, alòske yo menm pwofesè y’ap bourike e menm yon pen yo pa kapab manje ale wè si yo ta peye kay epi voye timoun yo lekòl.

JOICY Arnold



Comments are closed.