Pèsekisyon sou Vodou a : Sektè Vodou a akize Komisè Muscadin ak Legliz Katolik

456
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan okazyon 234è anivèsè seremoni Bwa Kayiman, ki make kòm premye gwo rasanbleman ki te trase chemen endepandans Dayiti, sektè vodou a leve lavwa kont pèsekisyon yo di yap sibi. Ane 2025 lan, make yon viktwa pou vodouyizan yo, paske 14 dawout vin ofisyèlman yon jou konje nasyonal pou reflechi sou enpòtans istorik Bwa Kayiman nan listwa pèp ayisyen.

Malgre gwo satisfaksyon sa, divès vodouyizan akize Leta ak Legliz Katolik kap mennen kanpay pou kraze pratik yo. Yo denonse atitid Komisè Gouvènman Nip lan, Jean Ernest Muscadin, ki ansanm ak kèk patizan l, ki sakaje plizyè peristil nan Lazil, kèk èdtan avan seremoni komemorasyon gran evènman sa a, sou pretèks yo tap chache chanpwèl ki anvayi zòn nan. Pou anpil vodouyizan, aksyon sa yo se yon “atak planifye kont kilti ak idantite pèp ayisyen.”

Daprè deklarasyon Marckenley LePetit Joseph, youn nan figi kap defann dwa vodouyizan yo,
“Nou pare pou mennen batay kont tout sektè ki vle kraze vodou a. Se pa sèlman lafwa nou yo ap atake, men se listwa ak diyite nasyon an.”

Sektè vodou a lanse yon apèl bay otorite yo pou yo sispann pratik diskriminatwa kont vodou a, e mande plis respè pou relijyon ki, daprè yo, se te motè liberasyon pèp ayisyen depi Bwa Kayiman jouk rive nan endepandans 1804.

Share:

Leave a reply