Konsèy KNVA ki se yon branch nan sektè vodou a nan Tigwav, mande liberasyon konfrè kwètò yo Riphar Junior Dagrin.

07 – 04 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Konsèy KNVA ki se yon branch nan sektè vodou a nan Tigwav ap mande liberasyon konfrè yo; konsa, yo bay yon konferans pou laprès jounen jedi 02 jiyè 2026 lan, nan lokal yo nan lokalite Beyatris Tigwav.
Selon konsèy la, objektif konferans lan, se pou denonse avoka Claude Seralien, kote yo mande liberasyon konfrè kwètò yo ki se Riphar Junior Dagrin, ki nan prizon depi plis pase yon lane. Nan sans sa, yo pote yon demanti fòmèl konsènan enfòmasyon kap sikile kòm kwa mèt Claude Seralien ta akize KNVA kòm yon ekip yo di kap konplote pou boule lekòl Thomas Madiou ak INIVESITE INISMA ki nan menm espas avoka a okipe a.
Konsèy la ki pa mete dlo nan bouch li pou denonse mèt Claude Seralien; yo akize li akoz li vle mete nan kanpe lwen, tout moun ki vle defan’n epi pote soutyen yo bay kwètò Riphar Junior Dagrin. Yo fe konnen mèt Claude Seralien akize Riphar Junior Dagrin kòm mou ki ta kase lekòl enfòmatik li nan INIVÈSITE INISMA epi pote ale tout materyèl li rankontre sou wout li.
Toutfwa, konsèy KNVA nan Tigwav mande lajistis nan jiridiksyon Tigwav pou pran bon jan desizyon pou libere Riphar Junior Dagrin, ki nan prizon depi plis pase yon lane, paske selon yo, Dagrin pa yon vòlò jan mèt Seralien vle fè konnen sa






