Gwoup gang ame pesòn pa rive idantifye lage koukouwouy nan biznis komèsan yo nan Komin Pòtoprens.

996

Bandi pèson pa rive idantifye kase biznis epi pote ale machandiz kòmèsan yo,jounen vandredi 14 Avril 2023 a, nan Pòtoprens.

04-14-23

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi san fwa ni lwa kap opere nan komin Pòtoprens ak nan zòn ki antoure’l yo, pran lari jounen vandredi 14 avril 2023 a, kote yo lage koukouwouy nan dègonn biznis komèsan yo, nan plizyè zòn tankou: Doko, Moulen sab, poun site sa yo sèlman, dapwè sa jounal anliy “Le filet enfo” rapòte”.

Nan moman seri zak vandaliz sa yo, anpil gwo ak mwayèn biznis kase epi bwote yon latriye pwodwi tankou: espageti, lwil, diri, sik, pwa, poun site sa yo sèlman.

Agresivite bandi yo ki parèt vrèman remakab nan dènye jou sa yo, pouse anpil sitwayen kontinye ap kite lakay yo pou al epapiye yo nan divès lòt zòn san yo pat prepare pou sa.

Comments are closed.