Direksyon Sanitè Nòdwès la lanse kanpay vaksinasyon anti kovid nan depatman Nòdwès la.

971

04-14-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Direksyon Sanitè Nòdwès la, ki genyen nan tèt li Direktè Tony Monestime ak tout ekip DSNO a, lanse kanpay vaksinasyon jodi vandredi 14 avril 2023 a, nan oditoryòm Lekòl Fatima, sou vaksen woutin yo, ak vaksen anti kovid kap kòmanse 18 rive nan fen mwa avril la.

Vaksinasyon se youn nan pilye ki ka kembe moun rete an sante; vaksen yo se sèl mwayen ki ka pwoteje moun kont maladi enfektyez yo; Poutan anpil fwa, moun neglije pran vaksen. Vaksen woutin yo, se tout dòz moun bezwen, depi yo timoun jiskaske yo granmoun. Aloske, vaksen anti kovid la, se vaksen ki redwi nivo risk pou pa atrape maladi kovid la.

Gen anpil moun ki neglije pran vaksen anti kovid, se paske gen yon seri rimè ki ta fè konnen moun ki pran vaksen mouri, yon bagay ki pa vrè, daprè Jean Frantz Robert.

Responsab DSNO yo mande kolaborasyon tout moun ki nan tout komin nan depatman Nòdwès la sipò, yon fason pou kanpay vaksinasyon sila, devni yon reyisit total kapital. Dr Monestime pa swete kanpay sila, pa yon kanpay pou kanpay, men pito yon kanpay kap chita sou antant MSPP, ki se bon jan rezilta. Responsab yo nan DSNO pral fè tout sak nesesè pou ranfòse plizyè gran komin nan depatman a ki gen yon fèb kouvèti vaksinal, tankou: Sen Lwi Dinò, Pòdpè ak Jan Rabèl.

Lè-w pran vaksen, ou fè prevansyon. Anpil fwa moun yo pa enterese pran vaksen, pandan se menm neglijans sa ki pral pèmèt yo vin lopital pa bann ak pakèt. Dr Saint-Phar (aktyèl Direktè Lopital Imakile konsepsyon Pòdpè) mande moun yo, olye yo pa pran vaksen pou al fè tretman, li pi bon pou tout moun pran vaksen, yon fason pou yo fè prevansyon.

Comments are closed.