Tigwav sikilasyon-(ACPVH) relanse mouvman patwòl sekirite eskolè an pou travèse paran elèv lekòl yo nan la ri.

1,381

01-10-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Aksyon sivik pou pwoteksyon vi moun (ACPVH) nan yon konferans pou laprès li delivre aprèmidi  madi 10 janvye 2023 a, relanse mouvman sikilasyon an, nan lide pou ede paran elèv yo travèse lari a ki toujou reprezante yon danje nan moman rentre  lekòl yo.

Pòt pawòl ACPVH a, ki se Jolicoeur Alfonse, deklare ke se yon mouvman ki pran nesans nan lane 2017, nan objektif pou redwi kantite aksidan sikilasyon moto ki abiye fèt chak mwa nan vil Tigwav.

Jolicoeur Alfonse esplike direktè lopital jeneral Notre Dame Tigwav la, doktè Fred Jasmin rapòte li, depi lè yo vini ak mouvman sila, volim aksidan yo bese konsiderableman.

Pòt vwa ACPVH la, Jolicoeur Alfonse kontinye pou li mande chofè machin ak moto yo, pou aji ak pridans e menm realanti chak fwa yo wè yon pano siyalizasyon yo nan lari a. Jenès la dwe entegre mouvman an, paske yap fè fas karans nan zafè resouszimèn selon pòt pawòl la.

Toutfwa, paralèlman Alfonse kritike yon seri lekòl kindergaden, li di ki pa jam akonpaye yo, nan kad travay la; sof lekòl prive “Le CEP” ki toujou fasilite yo jwen yon gratifikasyon chak mwa. ACPVH, atravè sèvis relasyon piblik li, mande kolaborasyon lapolis ak popilasyon an, yon fason pou yo ede ajan yo ki deja ap fè yon travay volontè.

JOICY Arnold

Comments are closed.