Demandè paspò yo nan Miragwàn fèmen ak kadna biwo Imigrasyon ak Emigrasyon nan depatman Nip peyi a.

1,385

04-14-2023

Miragwàn, Ayiti ___(TRiboLAND) Demandè paspò yo nan Miragwàn fèmen ak kadna biwo Imigrasyon ak Emigrasyon nan depatman Nip peyi a jounen mèkredi 12 avril 2023 a. pou kòripsyon ak movèz fonksyonman.

Kòdonatè jeneral asistans dwa sitwayen e entegrasyon jèn yo (ADCIJP), mesye Serge Augustin ki tap reponn kesyon TRiboLAND e ki ta’l founi je gade fonksyonman sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon nan Miragwàn, denonse kòripsyon ak movèz fonksyonman biwo a.

Sitwayen nan Miragwan deside mete anba kadna Biwo Imigrasyon ak Emigrasyon depatman Nip lan.

Mèt Serge Augustin, deklare se avek tristès, dlo nan je lap konstate kòman moun nan popilasyon Nipwaz la ap soufri pou yo kouche yon paspò nan biwo Imigrasyon Emigrasyon an. Ki se yon dwa tout sitwayèn ak sitwayen genyen.

Pou kòdonatè ADCIJP a, biwo Imigrasyon ak Emigrasyon an, reprezante yon lanfè pou moun kap viv nan depatman an; moun genyen aksè sèlman ak yon paspò; fòk ou genyen gro lajan tè nan men’w pou franchi yon seri baliz kòripsyon kap mande kòb ou pa posede; si ou chanse, gen sitwayen ki oblije peye sòti 37 pou rive 50 mil goud pou yo retire yon paspò la a, anba je otorite yo.

Yon lòt bò, a la tèt Asistans Dwa Sitwayen yo e Entegrasyon Jèn yo, Serge Augustin, pote demanti fòmèl ak direktè depatmantal Nip la, mesye Auriel ki di òganizasyon dwa moun yo nan depatman an, pa pran responsabilite yo, Malgre konsiltasyon ak pwopozisyon li di yo fè otorite yo, pa gen anyen ki fèt pou amelyore soufrans popilasyon an.

Nap siyale, nan menm kad dosye sa a, lapolis dekonsè ak lajistis mete anba kòd 2 moun yè mèkredi a pou malvèsasyon epi genyen plizyè manda ki desène kont divès lòt ki deja mete van nan vrèl yo ke lapolis ap chache kou chen fou.



Comments are closed.