Yon frè Ti Makak ki pote non “Jeneral Blacka”, jwen lanmò li.

1,226

04-14-2023

Depi kèk jou operasyon koukouwouj ki lage dèyè group gang Carlo Petit-Homme alyas Ti Makak la, ap vale tèren nan Laboul, Komin Petyonvil.

Fòs lòd yo ta sanble detèmine tout bon vre pou fini ou eradike asosyasyon malfektè sa yo ki okazyone lamò ak agoni yon latriye sitwayen pezib.

Jodi vandredi 14 avril 2023 a, yon lòt fwa ankò, fòs lòd miltipliye operasyon yo nan banlye Petyonvil, kote ke yo antre an granmoun nan fyèf group sangwen Ti Makak la e boukante kout zam ak sangwen kap teworize popilasyon an.

Konsa, yon bandi ki se frè Ti Makak ki pote non Blacka, arive blese mòtèlman, daprè sa yon sous polisyè ta rapòte. Nap raple’w, sa pa gen lontan depi, yon operasyon polisyè te arive flite yon latriye sòlda menm group gang sila a, ki ta sanble ap konte jou li.

Bravo lapopo, selon yon viktim Tomasen ki te oblije abandone rezidans li ke gang sangwen te akapare.

Comments are closed.