Otorite imigrasyon yo nan Ennri fè prèv konpetans nan kalite sèvis yo bay popilasyon an

1,025

04-13-2023

Ennri, Ayiti______(TRiboLAND) Yon feso ak yon volonte kolektif ant majistra komin Ennri a, Marc-Henry Compère e mete ak konplisite madanm Fritzline Saint Pierre e enjenyè Patrick Mentor, yo tout fè yon fwon komen pou delivre yon sèvis kalite ki rann kont aske tout moun kap boske sèvis, dwe jwen sèvis avèk ekite ou san paspouki, daprè sa TRiboLAND te jwenn bò kote yon seri sitwayen ki te nan yon liyn bèl longè jodi jedi 13 avril 2023 a, devan CRLDI la.

Byen bonè nan maten, majistra Compère te fè santi prewokipasyon li nan sa ki te gen pou wè avèk dispozitif yo ki ta pral fasilite bonjan dewoulman pwosesif sèvis imigrasyon yo san tèt chaje.

Antouka, kote ki genyen otorite ki responsab, kay pa boule. Sinyal pozitif ou konpetans “savoir faire ou créer” otorite yo nan Ennri jounen jodia, se reyèlman yon gro eksplò ki, definitivman montre ke se nan tèt ansanm ak detèminasyon nou kapab ateri, fè prèv vrè sèvitè afè piblik; e menm chase raketè ou voye jete kòripsyon.

Nap raple, menm jan atravè rès peyia, kalite sèvis imigrasyon nan Ennri tap esoufle anlè akoz eskonbwit, rakèt, mounpa, inegalite ak bouskilad tout kalite; konsa, li pran detèminasyon ak yon elan patriyotik pou otorite lokal yo te nòmalize siyasyon sèvis la, ki jodia satisfè tout grenn sitwayen kap kouche paspò ou kat idantite.

Comments are closed.