Gouvènman PHTK a finalman lansman Platfòm DELIDOC pou fasilite resepsyon ak livrezon dokiman idantitè anlyin

269
0
Share:
TRiboLAND

04-01-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Lansman Platfòm DELIDOC jounen vandredi 31 mas 2023 a, se yon pwojè ke gouvènman PHTK a mete sou pye nan zòn kapital la yon fason pou fasilite resepsyon ak livrezon dokiman idantitè anlyin pou diferan sant CLDI yo; konsa, lap genyen pou li subi yon etap evalyasyon jiskaske li kapab layite kòl atravè repiblik la.

Nan entèvansyon otorite yo sou yon parèy nouvo platfòm ki chita sou gouvènans elektronik kap fasilite enfòmasyon teknoloji sou kominikasyon yo bay plis randman ak rezilta nan sa ki genyen pou wè ak adrese difikilte eta sivil yo, plateforme DELIDOC pral diminye problèm anbouteyaj, bouskilad tan ak yon seri lòt iregilarite ki genyen nan sant Resepsyon ak Livrezon dokiman idantitè (CRLDI) yo.

Selon PM Ariel Henry, ki genyen non site nan asasinay ansyen prezidan Jovenel Moise, deklare nan moman seremoni lansman platfòm DELIDOC la, ke chak ayisyen genyen dwa pou genyen yon paspò; e li dwe jwen li ak anpil dinyite. Ariel ki se alatèt yon gouvènman ki anemi an konpetans ak gouvènabilite, mande kolaborasyon sitwayen ayisyen ak tout ajan piblik yo, yon fason pou evite ankonbreman ak iregilarite nan rekèt yo.

Pou pran yon randevou ak yon biwo imigrasyon oubyen avèk imigrasyon avèk Ofis Nasyonal Idantifikasyon (ONI) pou yon rekèt paspò ou byen kat idantite, sitwayen ayisyen yo ap genyen pou pran yon randevou gratis atravè http://www.delidoc.gouv.ht/delidoc .

Toutfwa, anpil moun rete kwè ke inisyativ gouvènman an pran pou dekonjesyone problèm paspò a, pa movè. Sepandan li genyen anpil deriv ladan li nan nivo sekirite. Kritik yo fè alizyon sou iregilarite grav ki genyen nan sit DELIDOC la antan ke antite Leta, kreye anpil dout sou fason gouvènman ap kolekte enfòmasyon pèsonèl sitwayen ayisyen yo ki pa klè. Yon moun kapab remake, lè aplikan klike sou sit la, li voye yo nan yon lòt domèn ke oken moun pa konnen pou ki moun li ye, ki yès ki kache dèyè’l e ki nivo kredibilite yon parèy domèn fas ak sekirite piblik nasyon ayisyèn nan.

Nap raple, kritik sou fason rekèt ak livrezon paspò ap fèt atravè peyi, plonje nan mitan yon pakèt eskandal kòripsyon san pitye, ki enplike yon pakèt ajan piblik, polisye, otorite gouvènmantal, gang, direktè imigrasyon tout kalite ki profite ap egòje sitwayen yo ki oblije al vann moso tè yo pou kouche yon senp paspò. Ankò, se yon filyè ki fasilite anpil nèg jounen jodi a, plonje nan kòripsyon, kote raketè ap fè bè ak richès san gade dèyè atravè program imanitè Biden nan.

Share:

Leave a reply