Biwo Imigrasyon Pòdpè gen difikilte pou reponn ak egzijans kliyan yo, pandan setan raketè ap fè bè nan espas la

1,137

01-18-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Depi aprè lansman pwogram Administrasyon Biden lan pou plizyè peyi pami yo Ayiti, kantite moun kap fè demand Paspò yo ogmante seryezman; mete sou sa, anpil nan kliyan kap fè pelerinaj yo, pa janm ka jwenn sèvis adekwàt.

Daprè yon vizit TRiboLAND jounen madi 17 janvye 2023, nan kad chèche konnen ak fè ti pale ak kontribyab yo, raketè anvayi biwo a, mete sou difikilte ki genyen pou reponn ak sèvis yo. Se diferan parapò ak sèten moun ki ta di pri paspò yo moute, daprè Jean Wilson kap dirije bwàt etatik sa, “se manti, yon moun ap bezwen anviwon 12 500 goud pou fè yon paspò, sa depan de egzijans yo”.

Sepandan, raketè anvayi imigrasyon Pòdpè a. Divès moun fè tèt yo pase pou ajan DGI, ap pran lajan nan men moun yo pou pote pyès yo anndan pou fè kwè yo ka ede yo rapid. DGI Pòdpè tounen kavèn raketè, yon fraz Direktè a peze sou li. Daprè Direktè Jean Wilson toujou, yo ka resevwa 50 a 60 moun, alòske gen plis pase 600 a 700 moun devan biwo a chak jou ki jou. Direktè a fini pou di, se an rezon de mank materyèl ki koz yo pa ka reponn ak bezwen moun yo. Yo gen 2 ti machin ki ka pèmèt yo resevwa a la rigè 150 moun pa jou an tan nòmal.

Kesyon divès moun ki vin pran sèvis anndan ap poze, èske raketè kap ransone moun yo pa an kònivans ak ajan yo pou rann sèvis la difisil. Daprè enfo nou jwenn, gen yon anèks DGI ki pral ouvri pou fasilite plis moun jwenn sèvis nan site Kapwa Lamò a, a pati semèn kap vini.

Nap raple, kritik yo pa sispann voye toya sou aspè kata direksyon imigrasyon an nan Pòdpè, ki pa ditou evolye avèk yon administrasyon fantòm ki la depi plizyè deseni ou avi!



Comments are closed.